Anbasadè peyi Etazini ki nan Nasyon Tèt Kole yo ap rantre jodi Mèkredi-a nan peyi Dayiti

0 309

Mèkredi 20 Novanm 2019

Pòtopwens__(TRiboLAND) Se jodi Mèkredi 20 Novanm 2019 la ke repwezantan peyi Etazini ki nan Nasyon Tèt Kole yo, anbasadè Kelly Knight Craft ap antre alatèt yon delegasyon nan peyi Dayiti dapwè yon kominike ki soti nan anbasad Etazini ki nan peyi Dayiti.

Vizit sa ki gen pou objektif jistifye volonte peyi Etazini pou jwenn yon deblokaj pasifik, sekiritè, rich, ak demokratik nan kriz la nan denefis pèp ayisyen an.

Dapwè kominike anbasad la, pandan pelerinaj anbasadè Craft la sou tè Desalinn nan, lap gen pou rankontre ak pwezidan Jovenel Moise, yon pòsyon nan gwoup lidè opozisyon ak ekonomik, responsab Biwo entegre Nasyon Tèt Kole yo anndan peyi Dayiti (BINUH), ak ajans Nasyon Tèt Kole yo yon fason pou fasilite deplwatonay ak adopsyon divès desizyon sou fòmasyon yon gouvènman san pèdi tan ki pwàl travay pou pèp ayisyen an.

Nan lane 2007, Pwezidan George W. Bush te nome Ambasadè Craft ki se yon natif natal Eta Kentucky kòm delege pou Asanble Jeneral Nasyon Tèt Kole yo.

Leave A Reply