Konstriksyon anachik, pwobabilite pou inondasyon

0 473

Mèkredi 20 Novanm 2019

Ansafolè___(TriboLAND) Depi plizyè lane pase, rivyè Badsentànn tap dòmi e vinn tèlman poze ke li bay kèk sitwayen okazyon pou konstwi kay san fondasyon sou espas ki chita sou ma dlo. Konstriksyon 2 bò rivyè: yon kote dapwè granmoun yo, dlo a te konn pase lontan, yon lòt bò se kote dlo a pase nan dènye tan sa yo.

Konsa, eske sa ta vle di ke Leta afiche ankò yon lòt iresponsabilite tèt chat fas a obligasyon li ki se pwomote pwoteksyon sivil oubyen se movèz fwa sitwayen yo ki pa tande e ki pa wè nan miltipliye konstriksyon anachik nan nenpòt zònn male pandye.

Moun fè dap piyanp sou espas sa yo san onè san respè nòm konstriksyon ki chita sou lalwa. Jodi a, kèk rezidan kap viv sou dlo ki maske ak labou dòmi, kòmanse sou biskèt paske yo kòmanse ap fè fas kare ak vwè reyalite ki pwouve ke “dlo pa janm bliye chemen l.”

Antouka, anvan pita pi tris, otorite yo ta dwe aji san pèdi tan yon fason pou evite disparisyon rati bwazaj vi ak byen moun anba deteryorasyon ekolojik ak inodasyon sitou nan sezon lapli mwa novanm ki pa konn bay chans.


Victor Jn Era, TRiboLAND

Leave A Reply