Elèv lekòl nan komin Mòl Sennikola pran lari pou solidarize ak pwofesè Williamson polisye sangwen maltirize jounen ki te 18 me 2025 lan nan vil Okap Ayisyen

Mòl Sennikola, Ayiti_____(TRiboLAND) Pou pwoteste kont move tretman pwofesè Williamson St. Fleur sibi anba men polisye politou sangwen vil Okap Ayisyen yo, tout lekòl nan komin Mòl Sennikola dispoze 2 jou pwotestasyon pou an solidarite avèk tout ansenyan kap sibi move tretman anba men tòsyonè kriminèl ki pran kò polis la daso.
Nan sans sa, pou montre nan ki nivo yo estomake fas ak yon parèy zak, tout lekòl nan vil Mòl Sennikola konsakre 2 jounnen manifestasyon pou mande swadizan moun ki fè tèt yo pase kòm lidè alatèt peyi a pran men yo. Konsa, yo rabat pou yo, mande jistis ak reparasyon pou mèt St. Fleur, e san konte egzijans pou voye polisye sangwen enplike yo an disponiblite.
Jodi jedi 22 me 2025 lan, se te yon premye mounnen pyès yo tap bay otorite konsène yo. Elèv tout plim, tout plimay te achte lari komin Mòl Sennikola lajan kontan. Yo te pakouri plizyè kwen nan vil la, aprè yo te pase devan Lameri ak Komisarya Mòl la. Konsa, yo te adrese ak enstans konsène yo, e menm pwofite raple Leta koupyon an respekte kontra ke li te sinye ak pwofesè yo ki pa sispan revandike fòs kouraj yo.
Antouka, yon lòt manif manch long deja pwograme pou jounen vandredi 23 me 2025 lan; yon jès solidarite ki montre ansenyan yo pa pou kont yo nan batay ke yo ap mennen pou fè otorite yo respekte e valorize travay ak angajman ansenyan atravè tout peyi Dayiti.






