Opozisyon an alawonn badè deklare bay diplwomat Kelly Craft ke Demisyon Jovenel Moise pa negosyab

0 310

Jedi 21 Novanm 2019

Pòtopwens___(TRiboLAND) Apwè ke li te finn chita avèk pwezidan Jovenel Moise, anbasadè Kelly Craft ki te alatèt yon delegasyon ki te vinn reyitere volonte peyi Dayiti pou yon deblokaj pasifik kriz la, te rankontre mèkredi 20 novanm lan nan Anbasad Etazini ki nan Tabarre divès enstans konsène nan opozisyon an.

Selon patisipan yo, diplwomat la esplike klè kon klèwoz ke li pa vinn pou sipòte pwezidan Jovenel Moise ni enpoze yon kikonk dikta kontrèman a fason ke yon seri kritik vle fè konpwann. Okontrè se yon visit ki plis chita pito sou rasanble plis enfòmasyon sou mawondaj kriz la, dapwè pezidan Fuzyon an ki te fè pati ekip repwezantatif opozisyon an, Edmonde Supplice Beauzile.

 Konsa, ak yon pozisyon fèm e desizif, mesye dam opozisyon yo pat pase nan kat chemen pou te delivwe pwèske a 90% yon mesaj klè sou demisyon Jovenel Moise la ki pa negosyab san manke devwale volonte ak detèminasyon popilasyon an pou retire sèt fwasi Ayiti anba grif yon sistèm kap detwi-l depi dig dantan, dapwè Senatè Evallière Beauplan ki te egalman fè pati nan chita tande yo.

Sa fè katriyèm visit gwo potanta ofisyèl Etazini nan peyi Dayiti pou ane 2019 la.

Leave A Reply