Pòdpè : 25, 000 katouch sezi nan yon otobis ki te nan wout pou Pòtoprens

2,278

07-13-2022

Pòdpè, Ayiti_____(TRiboLAND) Nan lanwit 12 pou rive 13 jiyè 2022, nan yon operasyon devajou, lapolis nan Nòdwès arive sezi yon lòt lo 25,000 katouch nan yon otobis ki imatrikile TM12118, ki tap kite vil Pòdpè pou antre Pòtoprens.

Aprè konsta Jij Paul Blanc ak sibtiti komisè gouvènman an, Wisminder Louis, lapolis oblije mete anba kòd Churchill Petit-Frère ki gen pou wè avèk 25,000 katouch sa yo ki te abò veyikil la. Sepandan,  yo arive konfiske ou gare otobis la nan komisaryà Pòdpè a.

Paralèlman, nan gro sòlòkòtò ke avoka yo nan vil Pòdpè te antreprann yè pou te egzije liberasyon ansyen komisè Michelet Virgile, sa pat arive mòde. Si nou ta vle kwè yon sous kredib, Mèt Virgile deja reveye nan kapital la pou al fè fas ak BAFE atravè DCPJ anba akizasyon kòripsyon.

Comments are closed.