14 moun mouri nan aksidan machinn nan mwens pase 48 èd tan

0 306

Mèkredi 20 Novanm 2019

Santyago__(TRiboLAND) Sèt moun ki jwenn lanmò yo nan yon aksidan machinn nan kominote Cibao yo ayè Dimanch ogmante yon lis kàtòz moun ki mouri nan aksidan machinn nan yon espas 48 èd tan.

Dènye aksidan machinn nan ki fèt nan zònn El Pino, rejyon La Vega voye nan peyi san chapo senk gason lè 2 machinn fè kolizyon sou otowout Duarte-a.

Repiblik Dominikènn se yon peyi ki trè danjre pou moun kap kondwi. Li plase kòm dezyèm peyi sou 182 peyi ki figire nan lis Nasyon Tèt Kole yo kòm peyi ki genyen yon to mòtalite aksidan machinn ki elve 41.7%. Yè dimanch lan, Enstiti Trafik ak Transpòtasyon National te lanse yon semènn konsyantizasyon sou Sekirite Woutyè, avèk anpil mesaj ki chita sou sekirite pyeton ak chofè machinn.

Leave A Reply