Otorite sanitè Repiblik Dominikènn yo anrejistre divès ka pè pòsinn

0 396

Dimanch 17 Novanm 2019

Sen Domeng__(TRiboLAND) Responsab sante yo nan peyi Repiblik Dominikani genyen gwo kè kase lòske yo dekouvwi plis pase yon ventènn kochon ki atake anba maladi lapès nan zònn Pedernales sou rejyon fontalyè ki relye peyi-a ak Repiblik Dayiti.

Dapwè ankèt responsab sante yo nan divès plan elevaj enfòmèl, kochon sa yo ki genyen pwoblèm bon nanj ou kiyon menase sante moun kap viv nan Colonia de Juancho, vil Pedernales. Anplis, rapò a fè eta tou de yon evantyèl disparisyon espès la lantman.

Konsa, kòmanse depi 12 Novanm 2019, otorite sante piblik yo bay elvè enfòmèl yo yon delè 30 jou pou eradike espès sa yo ki afekte anba maladi vèminn nan ki kapab pwovoke yon katastwòf sanitè lajman laj.

Sepandan, Ayiti nan istwa li te konnen fenomènn pès pòsinn nan sou rejinn Jean Claude Duvalier a ki te egzije eradikasyon tout kochon kreyòl anndan peyi-a; yon sitiyasyon ke popilasyon peyi-a ta pwal denonse apwè kòm pretèks “divèsyon fabwike” yon fason pou te enpoze Ayiti lòt kochon grimèl e sabote pwodiksyon lokal peyi-a.

Leave A Reply