Elektè ameriken yo vote jodia masivman pou demi tèm, alòske Donald Trump anba gwo pwesyon ak tranble janm

Etazini ____(TRiboLAND) Elèktè ameriken yo soti masivman pou vote jodi madi 3 Novanm 2026 pou eleksyon mi-manda yo, yon pwosesis ki riske mete pwezidan Donald Trump nan ti soulye li fas ak demokrat yo kap jofe pou fè djapòt rad mare. Konsa, genyen 435 syèj nan Chanm repwezantan yo, 35 nan 100 ki nan nivo Sena ak 36 pòs gouvènman ki nan pasaj e ki bay anpil tranble janm. Demokrat ap bezwen 3 syèj sèlman nan Lachanm ak yon avantaj bab e moustach de 4 syèj nan Sena a pou arive fè dap piyanp sou 2 chanm yo.
Popilarite Donald Trump kandale desann jiska 30 %; sitiyasyon pwi gaz la, konfli kap bay anpil lawouli nan Mwayen Oryan an, ak politik li sou ka imigran yo, pa jwe anfavè li ditou ditou. Si tout fwa demokrat yo ta ranpòte laviktwa, yo ap genyen bagay nan men yo pou yo bloke pwogram lejislatif Trump lan; e yo kapab deklentche egalman yon gwo tonton ankèt sou administrasyon an.
Bò kote pa yo, repibliken yo konte sou rabèsman pwi enpo yo ak politik migratwa ke yo rete kwè ki jwen anpil sipò ak jarèt bò kote sitwayen ameriken yo, dapwè sa yo panse. Donald Trump deja avèti ke l’ap kanpe ankwa sou mòd veto, si tout fwa kongrè a ta chape anba men li.






