Trinidad e Tobago: Polis arive sove 69 moun ki te anpwizone nan yon legliz

Port of Spain__(TRiboLAND) Otorite polisyè yo arive pote sekou a swasant-nèf moun ki nan laj ant 19 a 70 lane ke yo te jwenn fèmen anba akle nan kaj nan yon legliz ki sitiye sou wout Main Eastern nan Arouca, Trinidad e Tobago, Mèkredi maten ki te 9 Okòb 2019 la.
Moun sa yo ki te apepwè 65 gason e 4 fanm, ta sanble yo viktim “esklavaj modèn” ak “trafik kretyen vivan” dapre Komisyonè Lapolis Gary Griffith ki te pale ak Lapwès byen bonè nan Mèkredi devan “Sant Reyabilitasyon” ki pote non “Ministè Transfòmasyon Lavi”.
“Me ki sa nou kwè, nou kwè ke nou fann an de youn nan pi gwo rezo trafik kretyen vivan ki tap opera nan peyi-a. Anpil nan moun sa yo deklare ke yo la depi konbyen lane. Nou pwal fè tout sa nou kapab pou nou envèstige chak ka nòmalman; e sa nou wè la, pa lòt bagay ke yon esklavaj modènn. Gen nan yo ki deklare tou, ke yo tòtire yo. Se yon kesyon fè lajan ant responsab legliz la nan eksplwate plizyè fanmiy ki asèpte voye pwòch yo isi-a epi yap fè pwofi sou do fanmiy sa yo,” dapwè Griffith ki tap dekri sènn nan kòm yon zak baba.
“Nou wè moun ke yo fèmen nan kaj, minote, anchene, e tòtire. Nou wè egalman tizè ak baton… e la ankò se yon sitiyasyon esklavaj modènn,” dapwè Griffith.
Pandan operasyon an ki tap kowòdone avèk Griffith e egzekite avèk Ekip Operasyon Espesyàl pou Repons la ak Trinidad e Tobago Polis Sèvis arive sove apepwè 69 sitwayen Trinidadyen. Yo tout te pwizonye, e anpil nan yo te nan kaj ak anba minòt.
Operasyon an te kòmanse nan zònn 12:15 nan Mèkredi nan legliz la. Dapwè TTPS yon manda ki te desène selon Seksyon Chap.13 12:10 Ak ki estipile sou Trafik Kretyen Vivan, apwè ke yo tap swiv ak envèstige sou legliz la.
Antouka, plizyè antite te rann yo sou tèren an tankou; Komisyonè Operasyon Polis la, Jayson Forde, Inite pou Viktim ak Temwen Sipotiv nan TTPS la, C.I.D. Divizyon Nò yo tout te pwezan ansanm ak doktè, enfimyè, ekip anbilans te la pou kontak ak konsiltasyon inisyal viktim yo ratrape yo.
Plis pase 6 moun jwenn arestasyon yo, pami yo ou jwenn paste legliz la. Konsa, yon manm komite nan konkregasyon an te kouri pwan defans legliz la ak Pastè-a, kote li demanti akizasyon ki ta vle fè kwè se yon zak trafik kretyen vivan, alòske se yon sant reyabilitasyon pou moun ki adikte nan dwòg.





