Òganizasyon Tèt Kole yo (LONU) nome yon diplomat Amriken kòm alatèt yon nouvo misyon an Ayiti

ekretè Jeneral, Antonio Guterres Òganizasyon Nasyon Tèt Kole yo, nome Lendi 14 Oktòb 2019 la, diplomat Ameriken Helen Meagher La Lime kòm repwezantan li pou Ayiti e alatèt biwo entegre Nasyon Zini nan peyi Dayiti.
Nominasyon sa ki fèt yon jou avan pou Konsèy Sekirite LONU konsidere renouvle estati misyon LONU a ki: Sipòte Jistis an Ayiti (MINUJUSTH), sesyon konsèy la te deside fasilite tranzisyon misyon MINUJUSTH a ki pwàl plas a BINUH, ki pwàl genyen yon misyon ki konplètman politik kote ke La Lime pwàl dirije.
Selon ofis Sekretè Jeneral la, Madanm La Lime te sèvi kòm alatèt MINUJUSTH nan lane 2018. Avan sa li te Anbasadè Nasyon Zini na Angola (2014-2017) e dirèktè Kòmand Pote Kole Etazini ak Afrik nan Peyi Almay (2011-2013).
La Lime te travay tou Depatman Leta Ameriken nan peyi tankou Afrik Disid, Mozanbik, Mawòk, ak Tchad.






