Nòdès-sante : Lakwawouj ayisyèn fete 90 lane depi l egsiste.

2,241

05-30-2022

Wanament, Ayiti_____(TRiboLAND) Branch nòdès , Wanament selebre an gran panpan 90 lane depi yap bay sèvis nan kominote a . Avèk divès patisipan ak plizyè fòmatè ki te prezan.

Se an prezans komite Lakwawouj nan Wanament la. Komite a ki pwofite okazyon sa pou fete ak manman yo nan lokal abityèl yo ki twouve l Ri Pwofesè Filo. Fòmasyon an te fèt pou manman yo ak lòt patisipan yo; fòmatè yo te adrese yo ak manman yo jis pou remonte kapasite yo ak moral yo menm si lavi a pa vle, men fòk yo kontinye lite paske yo itil e se yo ki bay lavi, se yo ki manman lavi.

1. Doktè Ivens Louius te pale sou Jesyon ris ak dezas.
2. Kenn Laforsse te entèvni sou Istwa Kwa Wouj.
3. Lange Charles te apiye fòmasyon l lan sou Sekouris.
Se kèk pami nan fòmatè ki te prezan pou te mete lajwa nan kè manman yo.

Jn simon Manex, Triboland

Comments are closed.