Enock Denis: yon talan ki revolisyone entrepwenarya ayisyen an

0 603

Dimanch 17 Novanm 2019

Florid__(TRiboLAND) Travay pou lòt moun nan lavi ede moun fè anpil eksperyans sou plan ekonomik. Anjeneral, pou majorite moun kap travay pou lòt moun, sa ede yo genyen yon salè ki ede you sibziste e li ede yo tou fè yon ti minimòm jesyon pèsonèl. Sepandan, gen moun ki chwazi fè yon parèy eksperyans se nan pèspektiv pou jwenn yon opòtinite apwantisaj ki ka pèmèt demen yo mete sou pye pwòp biznis pèsonèl yo.

Aspè ki negatif travay pou lòt moun, se lè ou san objektif e ou asèpte bourike nan travay lòt moun, san tire pwofi de tout yon seri eksperyans apwantisaj onivo travay la jiskaske ou mouri ladan-l. Tandiske, aspè pozitiv la, se anrichi konesans ou onivo sa wap fè e apwann nan travay la e reve genyen pwòp biznis ou nan menm domènn nan.

Enock Denis, jènn antrepwenè ayisyen

“Mwen te yon employe, bourike e ede kompayi fè gwo lajan; mwen te selman konn benefisye yon ti sale. “Yo te pwomèt mwen yon pwomosyon pou asistan manadjè epi osito lè a rive yo anplwaye yon moun deyò. Sa ki pi rèd la sè ke yo te mande-m pou-m ka montre li tout sa ke-m konnen. Apwe ke mwen te finn montre li, mwen te di tèt mwen ke mwen plis ke sa map fè la a. Se konsa ke-m te deside kite travay sa pou-m te ka al travay pou tèt mwem.

Se te yonn nan pi bon desizyon nan lavi-m. Konya, mwen pwan plezi nan ede moun dekouvwi tout sa ke yo ye yon fason pou yo kapab viv ak tout potansyèl yo ke se nan biznis yo ou nan vi pesonèl yo,” se deklarasyon Mesye Enock Denis, yon jènn antrepwenè ayisyen ki, nan yon pwemye tan tap travay pou lòt moun, men ki jounen jodi-a devni yon biznis coach ki avèti e trè demande nan divès kominote.

Mesye Denis ki genyen 7 lane depwi ke li sispann bourike nan travay lòt moun, te toujou reve pwan destine li an men. Li esplike TRiboLAND ki kantite lajan li tap jere e miltipliye pou biznis gwo patwon, alòske ke li tap mache bwete onivo finans. Jènn antrepwenè ki ap jere yon triloji biznis pèsonèl avèk madanm li, Suzie Denis pat kache devwale divès etap devlopman pwofesyonèl ak sakrifis yo te arive fè pou abouti sou wout siksè ki fè yo jounen jodi-a lib ekonomikman.

Nan yon konvèsasyon ke li te tande sou yon kantite lajan yo te mande pou lwe yon kay, Enock kite gen 9 lane te deja ap karese lide pou li devni yon antrepwenè. Li viv ak yon parèy rèv pwèske nan tout sa lap antrepwann nan lavi. Nan nivo travay, jènn vizyonè-a pa sispann pwan e eksplwate divès fòm strateji biznis ki pwal pi devan ranfòse motivasyon e idantifye potansyalite enteryè li.

Apa de avantaj nan eksperyans nan milye travay pou lòt moun, Mesye Denis dote de yon Bachelor’s degree nan Business, e yon Master’s nan Leadership, ak  chènn sètifikasyon tankou: biznis coaching, biznis estrateji, espesyalis anvant, leardership coaching, biznis konsiltan, pou nou site sa yo sèlman. Denis ki pa sispann konekte vizyon li ak bezwen jènn ki nan kominote Ayisyen nan Florid, rete kwè inik mwayen pou konstitye yon fòs ekonomik se atravè antrepwenèship. Konsa, jènn konpatriyòt ayisyen yo ap rive pwan an chaj destine ekonomik yo e viv vi ke yo desire viv la.

Nan sousi pou ede sa yo ki anemi nan strikti biznis, Enock ak Suzie apènn entwodwi sou mache-a KayPwatik, yon supèb “app” otantik ki konpile an matyè referans tout biznis ayisyen yo. Anpil kliyan estime se yon fèy dewout ki mete biznis nan yon lòt nivo siksè. Anplis, kòm moun ki pwopwiyetè yon homecare agency, yon homecare consultant konpayi, ak plizye apatman pou lwe, yo dispanse egalman atravè Haitian Entrepreneurs Success Academy divès seminè, konferans, atelye travay, biznis coaching ak tout lòt kalite training nan domènn marketing ak biznis pou plizyè gwoup etnik atravè plizyè eta nan peyi Etazini. Pwochen gwo evenman HE nan kominote ayisyenn nan se va pwemye Desanm 2019 la nan vil Fort Lauderdale nan Florid.

https://haitianentrepreneur.com/optin33419537

Pou rete konekte ak Enock Denis tcheke sit pèsonèl li: https://enockdenis.com 

Leave A Reply