Repwezantan Dayiti-a nan Somè ICPD25 Naiwobi-a nan peyi Kenya, bay anpil manti nan pwemye sesyon Angajman yo

0 620

Jedi 14 Novanm 2019

Naiwobi__(TRiboLAND) Pou reponn ak envitasyon Repiblik peyi Kenya, Nasyon Tèt kole yo, Wayòm Dannmak ak divès lòt ko-òganizatè pou Somè ICPD25 Naiwobi-a nan peyi Kenya, Ayiti te fè santi patisipasyon li avèk pwezans Dr. Maurice Mainville ki tap fè eta angajman Ayiti pou akselere pwomès Care a.

Pou yon seri politisyen Dayiti, monn lan pa reyèlman konekte vrèman. Konsa, lè yo deyò lakay yo, yo ka di sa yo vle e simaye manti tankou tout lòt peyi pa konnen reyalite nasyon ayisyènn nan oubyen pa wè nan televizyon nan ki kondizyon Ayiti ap naje nan engouvènabilite ak enkonpetans nan tout nivo espesyalman nan enfwastrikti medikal. Si yon peyi pa menm ka pwokire sitwayen lakay li yon twal gaz kòm minimòm sèvis nan yon lopital piblik; kòman pou yon moun ta arive konpwann e kwè nan plan fantezi swadizan dirijan kap viv nan iluzyon ou Lalaland.

Selon repòtè TRiboLAND ki te sou plas, Dr. Mainville pat manke pwofite depoze devan yon gwo odyans milti kiltirèl, yon angajman roz kon klèroz pou Ayiti nan kad akselere e konkretize pwomès Care a pou lane 2030. Li reyitere volonte gouvènman Moise la pou rete soude nèt alkole ak Aplikasyon Care-a e Pwensip Montevideo a. Selon Doktè-a, angajman gouvènman an chita sou divès aks tematik pou ane 2030:

  • garanti pou jènn yo ansanm ak adolesan jwi plènn patisipasyon total kapital nan pwosesis desizyon ou miz annèv yon seri pwogram.
  • Garanti jènn yo opòtinite antrepwenarya ak aksè anplwa desan e nonprekè nan sèvis piblik, pwive e enfòmèl koulya ak pou demen ki chita sou teknoloji enfòmasyon.
  • pou dwa an matyè sante seksyèl e repwodiktif, mòtalite, mòbilite matènèl e newonatal ak planifikasyon familyal, angajman yo pwevwa divès enplemantasyon pwogram ak rediksyon mòtalite konsiderab.
  • Legalite ak vyolans sou moun, nou pwal mete lalwa soup ye; konsa, diskisyon yo deja ap pwan pye nan moman sa nan Palman Ayisyen an.

Dr. Mainville ki te pwofite vann yon bèl imaj pou pouvwa initil Jovenel Moise la, te mete anfaz sou yon seri mezi ke yo deja pwan oubyen pwal pwan ki depaman ak vrè reyalite teren an, alòske odyans ki tap tande-l la te pwofite ap gade sou rezo sosyal yo nan ki nivo swen sante ak engouvènabilite ki pa menm egziste an Ayiti.

Nap raple-w, Senatris depatman Nò a, Dieudonne Luma Etienne te pami delegasyon gouvènmantal la ki te pwezan nan Somè ICPD25 Naiwobi a nan peyi Kenya.

Leave A Reply