Yon pwofesè Ameriken mouri trangle nan Puerto Plata

0 305

Mèkredi 13 Novanm 2019

Puerto Plata___(TRiboLAND) Byen bone yè maten ki te 12 Novanm 2019 la, kominote Cabarete Sosua nan Puerto Plata apwann avèk chòk bò kote medya lokal yo lanmò yon pwofesè ameriken.

Selon sous kredib enfòmasyon yo, viktim nan ke yo idantifye sou non Patricia Ann Antón (Patty) te gen plizyè lane depi ke lap viv nan municipal la e bay sèvis kò e am avèk souri nan yon lekòl pwive ki rele Mariposa.

Pou anpil paran tankou Demeter Russafov Dharma, “Patty se te yon pwofesè ki te fè tèt li parèt kòm manman tout elèv Dominiken ak Ayisyen e montre yo kòman pou yo jwe ak apwann ansanm; li te yon modèl pou tout moun. Li te kite fanmiy li Etazini e antre vinn bay sèvis li; se regretab,” dapwè Dharma.

Selon yon sous medikal, Antón te gen 63 lane e yo te jwenn li mouri trangle.

Leave A Reply