Ouganda: 26 moun mouri nan yon nofraj sou lak Albert

214

12/25/20

Kampala_____(TRiboLAND) Yon bato ki te chaje ragagann ak pasajè mèkredi pase a chavire ant Songa Lendu ak Pakwack, rejyon nòdès peyi ouganda; bato a te jwenn gro van node ki te vyolan e okazyone nofraj, daprè sa ke Ashraf Oromo, responsab administrasyon ougandèz ki responsab rejyon Songa Lendu konfye AFP jodi vandredi 25 desanm 2020 an.

Bato a te genyen abò li 50 pasajè; 26 kò san vi arive rekipere e 21 lòt sekoure, daprè Oromo. Operasyon rechèch yo ap rapouswiv e nou pa espere jwenn lòt moun ki sove, toujou daprè Oromo.

Yon sous nan peyi Kongo ta fè eta de yon bilan 41 mò avèk 7 echape; chif ki pa konfime bò kote otorite ougandèz yo.

Comments are closed.