Fòs opozisyon an nan rejyon Nòdwès la bat gwo bwavo pou Antant Nasyonal la

0 377

Madi 12 Novanm 2019

Pòdpè___(TRiboLAND) Fowóm Patriyotik pou Yon Antant Nasyonal ansanm ak Kowalisyon Pati Politik nan Ozisyon an nan rejyon Nòdwès la bat Bravo ak kontantman pou Antant Nasyonal la ki fasilite tout sèktè anndan peyi a mete yo dakò pou depa Chèf Leta a Mesye Jovenel Moïse ansuit mete yon bout nan Sistèm Kòwonpi, peze souse a atravè peyi Dayiti.

Pòtpawòl kowalisyon pati politik opozisyon an nan Nòdwès ki an menm tan kowòdonatè depatmantal Fowóm Patriyotik la onivo Nòdwès, mesye Pierre Joseph, nan yon pawoli li te fè ak Laprès yè Dimanch 10 Nov. 2019 la, felisite pati politik yo nan opzisyon an ki asèpte chita ansanm abò yon sèl tab pou yo kapab poze pwoblèm Nasyon an kap benyen nan labou depi aprè lanmò Papa NASYON an, Jean Jacques Dessalines.

Anplis de sa, Joseph te rapouswiv pou-l di ke sa tou montre lemon antye pèp Ayisyen konn ini yo deja sitou lè peyi yo ap travèse moman difisil pandan l voye yon gwo kout Chapo bay mesyedàm PASRÈL yo li di ki gen abilite pou reyini tout fòs viv peyi-a kote yo arive akouche yon tèl Antant.

Joseph ki tap reponn kesyon TRIBOLAND, mande pou pèp la nan tout 4 kwen peyi a kontinye mobilize yon mannyè pou ansanm desizyon ki pwan anndan Antant Nasyonal saa kapab rive aplike e san bouch louvwi. .

Saint Jean wiskis, TRiboLAND
.

Leave A Reply