Bertrand Maurice yonn pami anperè sosyete sektèt vodou a e ankouraje sitwayen yo pote plent kont tout malfektè kap vyole pwensip mistik yo.

134
0
Share:
TRiboLAND

03- 05 – 2026

Wozo, Ayiti______(TRiboLAND) Parapò ak moun kap aji andeyò bon pwensip fonksyonnnan sosyete sektèt vodou a nan Grandans, anperè Bertrand Maurice ankouraje tout moun ki viktim anba move konpòtman yon manm sèktè vodou an, pote plent. Konsa, gro chèf yo ap kapab sanksyone tout manm sèktè kap poze aksyon malonèt sou sitwayènn ak sitwayen pezib yo atravè depatman Grandans lan.

Pou anperè Maurice, li pa nòmal pou okenn malfektè ap fè moun pè sou pretesk yo ap fè moun mouri manyen yo oubyen pwan lajan nan men malere pou di yo pwal achete tèt yo kay dyab. Finalman anperè Maurice mande tout grantoryan yo nan mond mistik la nan Grandans, travay pou lòd ak disiplinn tabli nan sosyete a

Share:

Leave a reply