Bolivi: 40 Ayisyen jwenn arestasyon yo nan travèse lizyè

0 303

Samdi 9 Novanm 2019

Yon gwoup 40 imigran ayisyen jwenn arestasyon yo Jedi kite 7 Novanm nan vil Santa Cruz de la Sierra nan peyi Bolivi. Imigran sa yo ki te an majorite fanm te mache a pye pou soti nan peyi Bwezil jis pou rive nan Bolivi, dapwè fòs polis Bolivi ki mete men sou yo pandan yon kontwòl rejyonal.

Dapwè otorite lokal yo, ayisyen sa yo te oblije vit e pwes tonbe refere bay entèpòl pou idantifikasyon, nasyonalite, ak dosye kriminèl.

Konsa, apwè verifikasyon imigran ayisyen yo, sèvis entèpèl ki pat jwenn anyen pou repwoche sitwayen sa yo kap chèche lavi, pa jwenn oken chaj kont yo. Kidonk, yo te retounen imigran sa yo pou swit nesesè.

Leave A Reply