Anyen pa reyèlman orijinal sou tè sa

0 424

Dimanch 10 Novanm 2019

Jonathan Lethem ki se yon otè rechèche, deklare lè moun rele yon bagay “orijinal,” 90% fwa yo pareyèlman  konnen referans yo oubyen sous orijinal ki konsène yo.

Sa pou yon bon pansè konnen sè ke anyen pa soti oken kote. Tout travay kreyatif moun reyalize, yo arive fè li an fonksyon de yon lòt bagay kite la deja.  Anyen pa reyèlman orijinal! E sa, ou jwenn li klèman nan Labib: “Pa gen anyen ki nouvo anba solèy la.” (Eklezyas 1:9)

Anpil moun twouve apwòch sa pa chita sou anyen, men li reyèlman bay moun espwa e ede yon moun elaji tèritwa kreyativite li. Tankou yon Ekriven Fwansè di li, “Tout sa ki te dwe di, finn di deja. Sepandan, pwiske pèsònn moun pa tande, tout sa ki te di dwe repete ankò.”

Si ou kontinye ap touye tèt ou pou orijinalite nan yon seri bagay wap antrepwann, ou mèt kontinye reve viv nan yon lòt monn. Nou pa dwe fè tèt nou ilizyon, nan kwè ke nou kapab arive kreye yon bagay avèk “anyen”. Konsa, yon ide toujou pwan nesans apati yon lòt ide; menm bagay la tou pou tout lòt kontèks.

Asèpte enfliyans oubyen ide lòt moun pa vle di ou kopye sa yo fè; men ou demoute, chanje, ajoute nan sa yo fè pou arive kreye yon lòt bagay ki ta sanble nouvo. Sispann kouri pasi pala nan chèche ide, poutan itilize ou demoute, modifye ide lòt moun yon fason pou jenere nouvo ide. Yon bagay ki orijinal se yon kopi ke moun pa kapab detekte!

Sajès Lakay, TRiboLAND

Leave A Reply