Plizyè manm nan opozisyon radikal la vwayaje pou yon visit 2 jou nan Wachennton.

0 425

Pòtopwens__(TRiboLAND) Selon yon sous ki kredib genyen kat mamb nan opozisyon radikal la ki kite Pòtopwens maten an nan direksyon Wachennton pou yon visit 2 jou.

Objektif vwayaj sa antre nan kad yon rankont pou diskite kriz sosyo-politik pikan kwannan peyi Dayiti-a avèk ofisyèl gouvènman ameriken yo san konte bat bouch ak kèk lòt palmantè ameriken, dapwè menm sous sa ke moun ka fè konfyans.

Responsab opozisyon radikal la ki pa dòmi reve fè chita tande ak Jovenel san dout ap eseye fè demach ki kapab solisite benediksyon Wachennton nan kad dote peyi-a yon lòt oryantasyon onivo gouvènabilite. Kidonk, Senatè Evallière Beauplan, Nenel Cassy, Simon Dieuseul Desras ak Rony Colin ki se majistra Croix-des-Bouquets.

Leave A Reply