Piyaj nan plizyè enstitisyon nan Wanament aprè manifestasyon kont gouvènman Ariel Henry a

2,003

09-17-2022

Wanament, Ayiti __(TRiboLAND) Pandan aprè midi vandredi 16 septanm 2022 a, yon gwoup sitwayen mache rantre nan plizyè enstitisyon nan sant vil komin Wanament, nan depatman Nòdès la.

Nan biwo Sèvis Jezwit pou Migran/Solidarite Fwontalye, moun yo pote ale preske tout sa yo jwenn nan lakou a ak andedan biwo a kote yo fouye chanm aprè chanm. Yon machin ki sou lakou a se yonn nan ra bagay moun yo pa pran.

Anvan moun yo te anvayi biwo Solidarite Fwontalye a, yo te gentan devalize Lekòl nasyonal pou tifi yo. Epi yo te atake biwo Lameri ak biwo Ofis nasyonal asirans vyeyès la, kote yo te tante mete dife.

Sèn piyaj sa yo vini aprè yon manifestasyon ki te makònen plizyè òganizasyon politik tankou Mouvman Sitwayen Angaje, Pitit Desalin, Ekilib Demokratik, Inityav Patriyòt Maryen ak yon latriye lòt ankò ki te òganize nan maten pou rive mitan jounen vandredi kont gouvènman Ariel Henry a.

Nan moman sòlòkòtò popilè a, moun te kapab remake yon gwoup jèn ki tap pwoteste kont prezans bandwòl strikti politik Ekilib Demokratik la. Jèn sa yo ki tap voye pinga, akize yon seri ansyen dirijan yo estime ki pa te konn travay pou amelyore kondisyon lavi pèp la, pandan yo te chèf epi kounya yap chache rekipere mouvman lajenès la.

Jn Simon Manex



Comments are closed.