Pwomès Nòdwès yo tounen van

0 305

Malgré plis pase 80% moun nòdwes te sakrifye yo pandan 22 mwa kanpe san dekourajman dèyè Jovenel Moise poul te ka vin prezidan peyi a, jous jounen jodi-a peyi a pral kouri sou 3e minis moun depatman nòdwes poko wè klè nan 5 gwo mega pwojè Jovenel te di lap reyalize nan nòdwes yo. Youn nan bagay ki te plis fè moun kouri dèyè kandida sa, se paske-l te di li se yon viktim de depatman an, e li toujou ap di pinga pèsonn pale-l de pwoblèm depatman an paske se la li te ye tou.


1) Wout kafou jòf Ansafolè
Bagay sa-a li sanble tèt koupe ak pawòl mèt la, depatman an fèk kare fè viktim sou wout si la, swa nan aksidan ak move eta wout la pèmèt envèstisè pa vle vinn envesti malgré potansyalite ekonomik ak touristik zònn nan, osinon se vòlò ki toujou gen tandans bare machinn kap soti nan nòdwes pou piye.


2) Baraj 3 rivyè
Ahhhhhhh, kite-m ri misye non! si nap founi zye gade pou nou wè eta moun kap viv nan ba nòdwès, sa yo souvan rele “Far west” la ou pa tap gen dlo ki rete nan zye-w anko tèlman moun yo nan move lavi, peyizan nan zònn sa se rasinn bwa yap fouye koulya pou yo ka fè chabon telman pagen pye bwa ki kanpe ankò; zònn nan transfòme an dezè, li lwen anpil pou yo taka remoute pant lan. Mwen te konn yon ti chante lontan lontan sou zònnn sa a, “Jan Rabel grangou tonbe kaka bourik tounen tayo”.  Se telman mizè a te réd pou moun yo lè sa ki fè yo te ap stigmatize bèl zònn sa, men se yon alibi.


3) Ayeropò 
Nan fouye zo nan kalalou yo di nòdwès se kote ki gen plis moun nan dyaspora a, kidonk li tap trè bon si ta gen yon Ayeropò nan depatman an kote pitit nòdwès tap vinn vizite-l pi rapid, yo pata menm bezwen pase nan kapital Pòtoprens, ki sal pase peny ti dan, ki santi pase latrin bwa kay malerèz.


4) Lopital

Kandida “Jovenel Moise” mande moman silans pou si la yo ki ale pou rezon mank swen sante nan depatman an, mande popilasyon an vot la pou yon lopital modèn, aprè yon similak poz premye wòch nan Lasalinn pou plante yon lopital OFATMA kote kap gen majorité sèvis yo, jous jounen jodi-a menm wòch la nou wè, se vle fè konnen bagay yo genlè lwen anpil, yo genlè ap pran ti tan pandan pa gen tan vre ki rete. 


5) Elektrisite
Sa pral gen anviwon 2 lane depi gen yon similak ki te fèt nan zònn Bono yon fason pou teka fè kwè pral gen yon lòt van nan mònn van pou te kapab pote pou lòt yo kap viv lwen ta ka rale yon souf ak enèji erolyèn; kèk tan aprè yon motè vinn parèt sak pral fè sanble pral gen yon bagay vre, men lè wal fouye zye gade bagay kouran sa pou depatman nòdwès sanble tèt koupe ak blòf. Kidonk moun zònn si la mèt toujou kontinye ap acheté batri, panosolèy, envètè ak delko nan men nèg boujwa Pòtopwens sèlman, pou ka jwenn enèji paske si se sou kont mouche leta nou pap janm jwenn kouran vre. 

Istwa depatman sa a gran anpil e moun te panse depatman an tap sispann trete an paran pòv, paske ak Jovenel Moise nan tèt yon pouvwa anpil pitit nòdwès tap chanje estati, sa yo ki gen 5, 10, 15 zan ki swa ap travay san touche tap jwenn kichoy, sak pa tap travay menm ta pral jwenn yon bagay pou yo fè yon fason pou yo ta kapab retiré tèt yo nan mandisite e chanje fason yap viv.

Men gen yon lòt analiz nou taka fè, ki wòl RSJM, JOMOKED, 100% JOMO mete ak yon pakèt lòt rezo anko, sa yo devni? Ki wòl moun ki reprezante pouvwa nan depatman? Ki sa yo fè? Bon OK kòmsi depatman nòdwès pagen yon moun ki ka minis, direktè jeneral osinon sekretè deta? Ah mesye nou fè ti poul la rele tròp. Pou fini, konbyen moun nòdwès ki nan biro swa prezidan an oubyen premyè dam nan? Nou devènn vre!

Ferdieu Claude, Triboland
ferdieuclaudefils@hotmail.com

Leave A Reply