Ayiti ap fè fas a yon kriz alimantè tèt nèg, men fè atansyon pou lòt peyi pa benyen nou ak manje ki genyen OGM

236
0
Share:
TRiboLAND

Pòtopwens__(TRiboLAND) Ayiti nan tout istwa li pa janm plonje nan yon kriz parèy. E sa ki pi tris, anpil peyi ki reklame tèt yo kòm zanmi nou toujou pase nou anba betiz, trete nou kòm restavèk, e manipile nou pou rete kòm esklav mantal pandan yap kontinye mare pye nou pou pa chèche sekou lòt kote.

Nan mitan tout kalamite sa yo, Pèp ayisyen vinn pi vilnerab! Koulya, gen anpil peyi san dout ki kontan wè nan ki dimansyon ensekirite alimantè nap naje. Tankou sa toujou fèt, yo parèt kòm moun ki toujou sansib pou nou e lè yo fini yo jwe sou mizè nou, woule nou nan farenn e enpoze nou tout sa zansèt nou yo pa tap arive vale menm nan dòmi.

Anpil peyi ap pwofite nan moman sa pou bonbade Ayiti avèk asistans alimantè; se vre nou pa ka inyore enòmite kriz imanitè sa. E nou rete kwè gen anpil peyi ki pataje doulè Ayiti avèk tout kè yo; sepandan, nou pa ka inyore tou ke gen anpil lòt peyi kap pwofite eksplwate opòtinite sa pou debarase grenye manje yo ki chaje ak pèstisid (OGM, Monsanto) nan espwi pou koze plis domaj a pwemye repiblik nwa endepandan an.

Yon pakèt rechèch pwouve ke pwodwi ou gwo endistri agwo-alimantè ki asosye avèk Monsanto yo, itilize èbisid toksik ak PCB (poliklowobifenil) ki pwomote kansewojènn. Nan lane 2017, Palman Ewopeyen an rele koukouwouj dèyè lòbiyis Monsanto yo. Anpil peyi ap rele anmwe kont gwo pwisan konpayi sa (Monsanto) ki fè tèt li pase kòm inik enstans ki gen dwa pwopwiyete sou tout semans ou grenn ki genyen sou tout tè-a ak kapasite pou nouri tout mond lan sitou kote ki gen lafen.

Gouvènman Jovenel Moise la, atravè Minis Afè Lòt Bò Dlo a, Mesye Bocchiit Edmond sot fè yon demand asistans alimantè ak sipò lojistik dijans bò kote Sekretè Deta Ameriken an, Michael Richard Pompeo. Se yon demach ki ta sanble ki lojik; sependan, a ki pwen pèp Ayisyen kapab arive kwè yon gouvènman ki pa bouke afiche enkonpetans nan tout nivo: sekirite nasyonal, sekirite sanitè pou nou pa di dote tèt li menm yon minimòm kòdwon sekirite alimantè ki kredib (ekspè agwo-chimis, nitrisyonis, syantis medikal, enspektè kontwòl ak konsomasyon, enspektè sante piblik…) an matyè enspeksyon ki kapab kontwole ou regilarize tout sa yo ban nou kòm don kap soti nan lòt peyi.

Share:

Leave a reply