Premye Me nan depatman Nòdwès se yon imilyasyon pou peyizan yo

0 309

Jan tout moun remake-l premye Me ki se fèt agrikilti ak travay pase inapèsi nan plizyè seksyon kominal ak komenn nan depatman Nodwès ki twouve yo nan ba Nòdwès fè konnen nan tan lontan se te yon jou ki te konsakre pou plante pyebwa e fè fomasyon pou agrikiltè yo, yon fason pou yo ka byen travay la tè. Sependan, jounen jodi-a leta demisyone nan tout bagay, tankou agrikilti-a preske pa gen valè ankò sa lakoz se avèk anpil lajan pou yo jwenn manje kreyòl yo ki gen anpil vitamin pou kò a ka rete nan bòn santé.

Peyi-a ap debwaze de tanzantan yap koupe pyebwa pasi pala pèsònn moun pa janm di anyen. Ki donk, otorite konsène yo fè tankou yo pa gen je nan tèt yo pou wè kalamite dram say o kap disparèt peyi-a. Anpil sous dlo ap sèche; zannimo ap mouri; tout sa yo se problèm envirònman kap degrade; alòske genyen swa dizan yon ministè envirònman ak ministè agrikilti ki pa egziste ou ki rete debwa kwaze yo pa janm di anyen espesyalman nan Nòdwès, bagay sa-a se sou non li egziste!

Yon lòt bo yo kritike kèk sitwayen ki vle pwan jou sa-a daso, pwofite pou konvèti li an jounen kreyòl, men yo pa janm analize pou yo wè kisa ki dwe fèt pou retounen nan jan Ayiti te ye nan tan li te gen leta kap bay sèvis. Kèk peyizan mande pou leta fè entevansyon paske yo bezwen semans, yo bezwen materyèl, wou, derapin, pikwa, elatriye pou yo ka fasilite travay tè-a. Yo egalman mande prezidan peyi-a, Jovenel Moïse mèyè sonje pwomès kanpay li te fè yo lòske li te deklare lap fè baraj 3 rivyè pou peyizan yo ka jwenn lajan pou mete nan poch yo ak manje nan vant yo.

Peyizan sa yo fè konnen se yo ki toujou ap pote la manjay nan mache men se yo ki pi imilye nan yon sosyete san leta.

Jehrbson Petit, Triboland

Credit photo: sorties media presse

Leave A Reply