Espwa pou’n viv byen nan Jeremi san kè sote, se rèv pa nou!

972

03-15-2023

Jeremi, Ayiti____ (TRiboLAND) Yon group jènn fanm ak jènn gason tanmen sou Plas Alexandre Dumas nan vil Jeremi yon gro sòlòkòtò aktivite refleksyon ki gen pou wè ak sekirite peyi a, patikilyèman nan Grandans.

Gwoup moun sila ki asèpte rete nan peyi yo, deklare key o pa genyen peyi derechanj. Yo pa konte fè yon pa kita yon pa nago; malgre fewosite klima ensekirite a ki makònen ak tout lòt kalamite majorite a ak fè fas nan Jeremi.

 
Estime ke yo pa genyen yon lòt peyi, patriyòt yo konfime ke se “kanpe batay li ye tonton”; se nan tèt kole pou yo arive ranpòte laviktwà sou fòs fènwa kap simen laterè nan mitan popilasyon an. Jènn yo detèmine pou ke yo kreye atravè yon estrikti kolektif pou kreye yon anviwonman nòmal pou ke yo viv la a.

Ti moman refleksyon sa a jenn fanm ak jenn gason te pwan ansanm pou reflechi, sou yon demen miyò nan Jeremi; pou anpil lòt moun, sa ta dwe atire lespri ak konsyans dirijan yo nan piro nivo leta a nan kad pou remanbwe lòd piblik e pèmèt moun sikile lib e libè nan jeremi menmjan sa te ye lontan lontan.

Comments are closed.