Morenga kore sante nan plizyè nivo

0 402

(TRiboLAND)  Grandi ak grann, mwen pa bliye kòman li te konn itilize Morenga pou yon pakèt maladi tankou blesu, anflamasyon ak doulè lestomak.

Konsa, lè m kòmanse ap apwann fè manje e fè eksperyans ak plizyè plant e epis. Mwen vinn apwann ke Morenga gen anpil benefis sante ak nitwisyon; li gen yon gou vejetab ki on ti jan dous. Morenga se yon plant natif natal Afrik ak Azi. Sa pa gen lontan li fè aparisyon nan peyi Dayiti. Konsa, a koz byenfè enpwesiv li, anpil moun tonbe damou pou li e yo transfòme-l ak itilize-l pou plizyè koz.

Anpil moun konsidere Morenga kòm yon plant mirak. Li fasilite bon sante ak bote, kòmanse avèk trètman oedema,  azma, dinamize fwa, rann zo kò moun pi djanm, redwi tansyon poun site sa yo sèlman.

Lè ou seche fèy Morenga-a e ou kraze-l oubyen pile-l an poud, li bon anpil pou lè wap fè manje. Ou kapab mete-l nan sòs, smoudi, krèm, bouyon, vyann ak te. Ou kapab jwenn Morenga an poud, an kapsil e an lwil nan plizyè chòp pwovizyon alimantè ou famasetik.

Leave A Reply