Pwotestasyon vyolan yo koz 3 moun mouri nan peyi Chili

0 538

Santyago__(TRiboLAND) Pandan yon van kòlè ap baleye kondisyon sosyo-ekonomik yon pakèt peyi nan Amerik yo, fwa sa se tou pa Chili ki se youn nan peyi ki estab nan Amerik Latenn nan, men elas ap sibi zak vyolans apwè ogmantasyon pwi metwo gouvènman Sebastian Pinera ki pase de 800 jiska 830 peso.

Kapital peyi Chili a, Santyago leve jodi Dimanch 20 Oktòb la ak yon vil sakaje e an mal makak apwè vag pwotestasyon yo te fè anpil dega konsiderab. Dapwè Majistra Santyago-a, Karla Rubilar ki tap pale ak lapwès, fè eta de 2 moun ki arive bwile nan dife ak yon lòt ki mouri lopital apwè ke yon gwo magazen ameriken ki rele Walmart te sakaje e piye. Sa yo se pami lòt dega ki anrejistre nan pwèske 2 jou vyolans san kanpe ki lakoz pwotestasyon yo bwile plizyè bis transpò, bwile plizyè stasyon metwo ak gwo lèsefwape ak lapolis nan yon vil sèt milyon abitan malgre kouvwefe.

Pwotestatè yo te mete dife ak vandalize plizyè stasyon metwo, sa ki ta pwàl mete yon sispansyon sistematik sèvis la. Yon bon valè pwotestatè mete dife nan batiman Jounal El Mercurio nan vil Valparaiso, ki se pi ansyen jounal nan peyi Chili san konte lòt gwo supèmakèt ak lòt magazen ki bwile. Sou Plas Italia, ki se episant zak vyolans yo devan Palè Pwezidansyèl la, te gen gwo kòk ajanm ant manifestan ak fòs sekirite yo. Zak vyolans yo tap vale teren ayè vandredi-a tou; divès konfwontasyon ak lapolis nan divès kwen nan kapital la, alóske gwo biwo jeneral ENEL yon bwanch konpayi elektrik Chili a ansanm ak bwanch Banco ki nan mitan tèt vil la te anba gwo dife e konplètman andomaje.

Plizyè vil nan peyi Chili anba yon Eta Dijans pou 15 jou san konte restriksyon sou dwa pou moun sikile ak rasanble.

Antouka, Chili leve ak yon kapital sakaje avèk bis ki ensandye, bisiklèt, dechè ou fatra nan divès kwen anba yon deplwaman sòlda ke moun pa janm wè depi tonbe dictate de dwàt la, Augusto Pinochet nan lane 1990.

Leave A Reply