Direksyon rejyonal MTPTC ak delegasyon depatmantal nòdwès la vle atake problèm inondasyon vil Pòdepè

0 427

Pòdepè__(TRiboLAND) Pandan yon rankont ki dewoule nan sal konferans delegasyon depatmantal nòdwès la maten vandredi  18 Oktob la, direktè depatmantal ministè travo piblik transpò ak komniksyon nan nòdwès, enjenyè Angelot Horacius te prezante yon envantè li reyalize sou problèm inondasyon vil pòdepè konnen chak fwa lapli tonbe. Selon prezantasyon sa a, kanal yo ki pa kire pou pèmèt dlo yo al devèse nan lamè a, se youn nan pi gwo problèm vil la ap fè fas, daprè responsab TPTC a nan rejyon nòdwès la. Toutfwa li fè konnen sou 22 kanal drenaj ki dwe pèmèt dlo yo al koule nan lanmè a, majorite nan yo bouche ak fatra, gen  sa tou ki pa egziste ankò.


Nouvo direktè depatmantal ministè travo piblik transpò ak komniksyon an nan nòdwès deplore lefèt ke se nan kanal yo popilasyon an jete dechè yo chak fwa lapli ap tonbe. Se pil fatra sa yo mele ak alivyon k’ap soti nan mòn yo ki vin anpeche dlo a drene. ” Avèk 22 kanal drenaj soti boden pou rive bò monfò, vil pòdepè pat dwe inondab konsa, si efektivman popilasyon an pat jete dechè nan yo”, se sa enjenyè Angelot Horacius deklare pandan l’ t’ap prezante ti dokiman sa li reyalize sou problèm anviwonnmantal chèflye depatman nòdwès la. Mete sou sa, moun yo konstwi sou kanal yo, gen kay tou ki bò kanal yo ki vin redwi espas kote pou dlo kouri a. Se sa ki pèmèt dlo a oblije refoule nan vil la pou al inonde kay moun, daprè responsab rejyonal TPTC a ki fè konnen popilasyon an menm kontribye anpil nan vilnerablite li.


Aprè konsta yo, gen 7 mezi ijans direktè depatmantal TPTC a konte aplike. Yon seri entèvansyon k’ap fasilite dlo a al djeribosko l’ nan lanmè a. Aksyon sa yo konsène sitou, kiraj kanal drenaj yo ak larivyè potpe. Pwiske lè basen vèsan yo ap pouse dlo an namon, dwe gen ase espas pou devèse dlo a an naval”, daprè sa delege depatmantal la, Wisley Dordouille deklare bay laprès aprè rankont la. “Travay sa yo ap kòmanse apati lendi k’ap vini la, paske se entèvansyon rapid yo ye. Materyèl yo disponib, operatè yo la, mwayen pou achte gaz ak frè pou operatè deja disponib nan direksyon rejyonal TPTC a, wè pa wè n’ap demare lendi”, se sa M. Wisley Dordouille bay kòm garanti. E travay sa yo ap diminye risk pou gen inondasyon nan vil la. 


Youn nan rèv nouvo direktè depatmantal TPTC a, se ta wè pòdepè gen yon boulva ki soti twa rivyè pou ta rive nan won pwen vil la, menm jan ak boulva 4 chemen okay”, se souwè natif okay la, enjenyè Angelot Horacius. Espesyanlis nan kesyon drenaj ak enfratrikti woutyè a montre volonte ak detèminasyon li pou travay nan lide pou redwi risk vilnerablite vil la epi rive amelyore kondisyon fizik chèflye depatman nòdwès la. Poze l’ kesyon kote l’ap jwenn lajan pou reyalize travay yo, li te reponn konsa: “mwen depann de yon ministè, se li menm ki dwe degaje fon pou sa, paske se minis ak direktè jeneral Ministè TPTC ki voye m travay nan nòdwès, pa rapò sitou ak espesyalite mwen nan domèn nan. Jiskaprezan mwen gen mwayen teknik yo, se ministè a ki pou debwouye l’ pou mete mwayen finansye yo disponib”, se deklare enjenyè Angelot Horacius.


Pou sa ki konsène travay pwojè renovasyon vil la ki te lanse depi nan mwa novanm 2018, ki ta pral demare aprè plizyè mwa e ki bloke depi yon bon bout tan, gen lot etid k’ap reyalize sou yo aktyèlman. Daprè deklarasyon delege Wisley Dordouille, ta sanble premye etid yo te mal fèt, pwiske anpil sitwayen nan site kapwa lamò a pa sispann kritike mòd egzekisyon divès chantye ki andedan pwojè a. ” Se pou tèt sa gen lot ekspè nan topografi ministè a deplase pou vin refè etid yo pou pèmèt travay yo redémarre”, se presizyon reprezantan egzekitif la nan nòdwès ki fè konnen y’ap mete bouche doub nan aksyon yo ak nouvo nimewo 1 MTPTC a nan depatman an pou chanje imaj vil la. Sepandan, delege Wisley Dordouille kwè tou fòk gen yon kanpay sansibilizasyon ki fèt pou pèmèt popilasyon an pran konsyans pou yo konnen konsekans lage fatra nenpòt a ap gen sou lavi moun anretou. Yo dwe rekonèt kanal yo pa fèt pou depoze dechè yo. 


Nan sans sa gen reveran pastè Jean Claude Thervil ki deja ofri ond radyo Betani FM pou kanpay sa a kapab rive efektif tout bon vre. Toutfwa, anpil patisipan nan rankont sa pat manke pa eksprime endinyasyon yo pou kondisyon dezagreyab vil la twouve l’ ladan l’ jounen jodi a. Yon chèflye yon depatman ki pa bay aspè kote pou moun viv. Se sa ki fè patisipan yo te pwopoze nouvo direktè depatmantal TPTC a pou l’ aji selon priyorite yo. Si l’ pa ta gen mwayen pou l’ poze aksyon, se pou l’ klè kon dlo kòk ak popilasyon an sou sa, paske moun pòdepè pa ka tande pawol ankò, men se aksyon ki pou poze pwiske sitiyasyon vil la gravman grav e li kontinye ap vin pi mal de jou an jou. Antouka, aprè rankont sa li rete pou n’ tann ki swivi k’ap fèt bò kote otorite responsab pou amelyore kondisyon fizik site kapwa lamò a, sitou lè n’ konnen pouvwa anplas la twouve l’ yon kontèks patikilye.

Marc Edy OSSAM, TRiboLAND

Leave A Reply