Nou sousi pou di papa’l orevwa, yon jounalis Tele radyo Karaib manke pèdi vi li

0 606

Pòtopwens__(TRiboLAND) Apwè anpil kouraj mare ren ak sousi pou al kondwi papa li nan dènyè demè etènèl li, jounalis Tele Radyo Karaib byen koni, Pierre Renel André manke pase a lenfinitif anba men nèg ame ayè apwèmidi.

Jounalis la ki te gen papa-l ki mouri nan Tòbèk, Depatman Sid peyi-a 10 Oktòb pase-a, te alatèt ayè Vandredi 18 Oktòb 2019 la yon delegasyon nan direksyon wout Sid peyi-a pou asiste fineray papa li ki se Jean Andre René, ansyen Sèjan Fòs Ame Dayiti.

Pase avèk tout kalite peripesi barikad sou barikad, kòtèj la ta pwàl konnen pi move moman sou wout lokalite Fauche a, Tigwav lòske yon gwoup nèg ki te kache nan raje, ame jous nan dan ansèkle yo e mande yo tout kouche atè. Dapwè jounalis la ki tap pale avèk emosyon, mesye sa yo ki tap lanse gwo menas te fouye y oak machenn yo latèt o pye.

Konsa, bandi yo te mande as ke kòtèj la kase tèt tounen nan kapital la, alòske yo pat pwan anyen nan machenn yo ni sou moun ki te fòme delegasyon sa ki te genyen anpil mam fanmiy ak kèk wo pèsonalite ki ta pwàl asiste seremoni finèb Pè René kap chante maten an nan Legliz Batis Formont, nan komenn Tòbèk.

Pierre Renel René ki deplore amèman yon parèy dram, pat manke pwezante eskiz li bay tout moun ki te bay li lebwa ak sipò nan tout sikonstans say o.

Leave A Reply