Ayiti figire pami lis peyi ki kalifye pou program “Lwà sou frajilite mondyàl” peyi Etazini an

3,084

04/01/2022

Wachennton, Etazini_______(TRiboLAND) Administrasyon Joe Biden nan ap fè bwàs pou mete sou pye yon nouvo plan estratejik pou dis lane nan peyi Dayiti. Objektif yon parèy plan antre nan kad rediksyon konfli ak ranfòse yon seri enstitisyon e retabli yon klima pasifik.

Program sa ki gen pou wè avèk lòt peyi tankou, Libi, Mozanbik, Gana, Togo, Benen, Papouasi-Nouvèl Gine e Kodivwà chita sou lobedyans yon lwà ki pote non “lwà sou frajilite mondyàl” ke Kongrè ameriken an te aprouve nan lane 2019 la.

Program nan egalman mache ak yon tchotcho bagatèl 200 milyon dola vèt pou yon plan devlopman ki kapab soutni yon estabilite alontèm pou peyi benefisyè yo, daprè sa prezidan ameriken an anonse jodi vandredi premye avril la.

Comments are closed.