Pòdpè: Komisè gouvènman Bellamin detèmine pou arete moun selon li menm kap fè dezòd

253
0
Share:

Pòdpè__(TriboLAND) Nan yon pwen de pwès ke li bay jodi-a 2 Oktòb 2019 la, Komisè gouvenman Pòdpè-a, Jean Volney Bellamin deklare ke li genyen apepwè 18 mande ke li konte egzekite nan kad vwayou ak chime ki pa militan politik kap mache kreye pètibasyon nan site Kapwa Lamò-a.

Kòmisè a ki ta refere ak bandi e chime kap twouble lapè piblik pandan yap pwofite simen laterè e anpeche yon ansanm bagay fonksyone. Komisè-a ke yo akize kap fè lachas osòsyè deklare ke li pap trake militan opozisyon an, e ni li pa anpeche pèsònn moun manifeste; sepandan lap lage koukouwouj dèyè chimè ki anpeche lopital, biwo leta yo fonsyone jan sa dwa!

Pandan se tan, gen gwo akizasyon ki tonbe sou bwa tèt komisè-a kòm kwa li ta okazyone yon militan politik Paul Elie Faustin pwan lyann akòz tantativ li te fè pou mete dife nan yon ansyen kay Pwezidan Jovenel Moise nan Pòdpè.

Antouka, enfòmasyon yo fè eta de Mesye Faustin ki nan mawon pandan ke Komisè Bellamin ansanm avèk kòkòday li Jij Eddy fè poze sele sou kay militan an ke yo akize konplis ak malfektè nan dènye zak malonèt ki te fèt nan vil la ayè Lendi 30 Septanm 2019 la, jou antèman youn nan militan yo ki te tonbe anba bal nan manifestasyon kont Pwezidan Jovenel Moise.

Share:

Leave a reply