Fonde Pouvwa yo bloke yon prestasyon sèman pou plizyè resipyandè Jij Lionel Obsaint tap tante fè nan Tribinal de Pè Pòdpè a

Pòdpè, Ayiti _____(TRiboLAND) Yon sitiyasyon tansyon tap devlope nan lokal Tribinal de Pè Pòdpè a, kote Fonde Pouvwa yo te pran desizyon pou bloke yon seremoni prestasyon sèman Jij Lionel Obsaint t ap eseye òganize.
4 resipyandè ki t apral prete sèman pat verifye okenn pyès idantifikasyon ou dokiman legal ak responsab Kòporasyon ki sou plas yo. Konsa, sitiyasyon sila, lakoz Prezidan Ti Bawo a, Mèt Jean Wilguind, leve vwa-l pou denonse pratik la kòm yon vyolasyon flagran sou prensip respè ant enstitisyon yo.
Mèt Wilguind fè konnen ke te gen deja yon akò ki siyen ant Jij Obsaint ak Kòporasyon Fonde Pouvwa yo, kote yo te dakò pou fonksyone nan respè youn pou lòt. Malgre sa, Jij la pat respekte angajman sila. Pi grav toujou, Jij la ta repete plizyè fwa nan sal odyans lan pawòl ki atake dinyite ak lejitimite Fonde Pouvwa yo, li di : “Mesye nou pa anyen”!
Deklarasyon sa a leve kòlè konsène yo, sitou paske Lwa 6 jen 1919 se yon tèks legal ki kreye epi ki rekonèt Fonde Pouvwa yo kòm yon estrikti legal ki otorize nan fonksyònman jistis peyi a.
Fas ak sitiyasyon sa a, Kòporasyon an pran pozisyon pou deklare ke: pwske Jij la pa respekte lalwa, epi li manke respè pou moun ki al lekòl, pap janm gen okenn prestasyon ki ka fèt toutotan li pa mete tèt li ann akò ak prensip legal yo e ak respè ant otorite yo.”