2 moun ki te teste pozitif pou COVID-19 mouri nan Eta Florid

0 363

Florid___(TRiboLAND) Otorite sante yo deklare ke 2 moun ki te teste pozitif pou COVID-19 mouri. Lanmò yo se pwemye ka ke yo te jwenn nan zònn Kot Ès la ke yo atribye ak epidemi an nan peyi Etazini. Depatman Sante Florid la deklare Samdi a ke genyen yon total nèf moun koulya ki teste pozitif pou viris la.

Responsab sante yo di, 2 moun ki mouri yo te nan apwpwè 70 lane e yo te vwayaje nan peyi lòt bò dlo; pami yo ou jwenn yon gason ki te gen pwoblèm sante deja nan Panhandle Florid la ak yon lòt granmoun aje nan zònn Fort Myers.

Konsa, kantite a ap gwosi pami moun kap mouri ak viris la nan Etazini ki deja genyen yon total 16 moun ki mouri, pami yo ou jwenn 13 nan Washentonn ak yon sèl nan Kalifònya.

Leave A Reply