Fineray yon militan nan opozisyon an, Marc Ernest Phanor 19 lanne, chante jodi 1 Oktòb 2019 nan Pòdpè

Pòdepè__(TRiboLAND) Fineray militan opozisyon an, Marc Ernest Phanor ki te asasinen ak bal nan manisfestasyon 17 Septanm 2019 la, chante sou plas Katedral Pòdpè a, byen bonnè jodi 1 Oktòb 2019 la.
Seremoni dènye adye-a te fèt anprezans fanmi, zanmi ki pat ka kenbe dlo nan je yo, ak plizyè manm nan opozisyon an tankou: Pierre Joseph, pwof . Mertilus Andalasse, Paul Elie Faustin, Dr Frito Zéphirin te pran lapawòl nan okazyon seremoni “senè ken orevwa” pou defen an.
Plizyè nan responsab opozisyon an pat ka kenbe emosyon yo; yo sèmante ke san Marc Ernest pap koule pou plezi bontan; e li pwal tankou yon fè cho ki pou ba yo jèvwenn ak detèminasyon pou kapote pouvwa PHTK a (Plonje Haiti Tou Kanpe).
Konsa tou, yon alète Komisè Gouvènman Pòdepè a, Me Bellamin Jean Volney pran responsabilite l nan kad akèt kap Mennen pou tradwi koupab yo. Dirijan yo te rapouswib pou popilasyon an pou yo kontinye monte flanbo mobilizasyon an byen wo jiskaske Prezidan Jovenel Moïse kraze yon kite sa e remèt tèt li bay lapolis.
Nap raple ou, Marc Ernest, yon militan opozisyon nan Pòtpè te jwenn lanmò li an ba bal bandi nan moman yon manifestasyon kont pwezidan Jovenel Moise; yon zak asasinaj ke yo ta sanble lage sou do sipòtè Jovenel Moise yo nan site Kapwa Lamò-a.






