Mike Tyson, ansyen boxè pwal fè biznis marijuana li a ateri nan Karaib la.

178
0
Share:
TRiboLAND

Nan yon repòt ki soti nan yon repòt The Daily Mail, ansyen heavyweight boxè nwa ameriken ap fè demach pou fasilite gwo biznis mariwana li genyen nan Kalifònya konte antre nan Antigwa ak Barbuda yon fason pou bay jarèt ak mouvman touris sou zile a e kreye yon konferans anyèl mariwana parallel ak gwo wonble Fowòm Ekonomi Mondyal la nan Davos. “Mwen kwè endistri kanabiz la ap kapab resisite”, dapwè ansyen boxè a ki pa manje anyen-k fwèt la.

Tyson ki gen yon 400 kawo tè mariwanapa nan Kalifònya, pa gen lontan ke li te chita Pwemye Minis Antigwa ak Barbuda, Gaston Browne yon fason pou diskite yon pwopozisyon biznis kanabiz.

Ansyen boxè entènasyonal la estime ke se yon bon opòtinite pou li ede lòt moun ak bay jarèt ak developman ekonomik sou zile a ki poko fenn gaya anba gwo sakad siklònn Irma ak Maria nan lane 2017 la.

Share:

Leave a reply