Group Mizikal FRIZZ fè aksidan nan Bochan, pa gen pèt lavi

01/04/2026
Pòdpe, Ayiti _____(TRiboLAND) Group mizikal FRIZZ viktim yon aksidan sikilasyon jodi samdi 03 janvye 2026 lan nan zòn Bochan, pandan yo t ap retounen apre yon pèfòmans nan vil Gonayiv. Machin Mayestwo El Santo Groove t ap kondwi a chavire, sa ki lakòz plizyè manm nan djaz la blese.
Daprè enfòmasyon yo, Mayestwo Santo pran kou nan ponyèt li ak nan pye li. Enjenyè son an ansanm ak basis djaz la blese tou. Malgre gravite aksidan an, pa gen okenn lanmò ki anrejistre, yon nouvèl ki soulaje fanatik yo ak pwòch gwoup la.
Daprè sa jounalis Jamesky Jeanty rapòte, apre li te pale ak yon moun ki pwòch djaz la, fanatik yo mèt rete trankil, paske tout pwogram yo kenbe. Gwoup FRIZZ gen randevou aswè a nan Grantiyo, epi demen dimanch nan Okap, jan sa te deja pwograme.






