Nòdwès: Premye jounen egzamen ofisyèl yo pase nan kè kal

0 431

Pòdpè__(TRiboLAND) Si nan Pòtopwens ak nan kèk vil pwovens premye jounen egzamen ofisyèl leta yo pa pwan jarèt; sepandan nan Nòdwès dewoulman aktivite evalyasyon yo pase nan serenite ak tèt anplas.

Gwo bonè maten jodi 24 Jwen 2019, tout moun te sou pye yo kòmsi deryen netè. Manman ak papa tap ede pitit yo pwan wout lekòl malgre anons responsab sèktè opozisyon an ki te ankouraje sitwayen yo pa riske voye ti lèzanj yo lekòl sou wout danje. Konsa, zònn tankou, St Louis du Nord, Anse-à-Foleur, Jn Rabel, Bassin Bleu ak plizyè lòt lokalite tankou Mole St Nicolas te trè motive nan premye jou evalyasyon nasyonal la.

Port-de-Paix, 24 Juin 2019

Antouka, pandan plizyè kwen nan kapital ap leve ak chalè pwotestasyon, lekòl la pwan pye nan Nòdwès, espesyalman nan site Kapwa Lamò-a, kote ke tout moun tap okipe san ensidan okipasyon yo san leve kouri ak bwiganday kout wòch. Kidonk, popilasyon an ta sanble reponn a demand otorite lokal yo ki te bay garanti ak mete sou pye dispozitif nesesè pou ti nosan yo fini ak sezon egzamen akademik pou finisman ane-a.

Yon lòt bò, sèten responsab nan gwoup ki reprezante fòs opozisyon an nan Nòdwès deklare, li sezi wè a ki pwen gouvènman Jovenel Moise la gen je chèch nan pwopagann pitye lap pwopaje sou edikasyon semen sa-a; sitou lè yo konsidere ki vale medyòk kap travay pou pouvwa-a ki yon depotwa ganstè ak kadejakè kap vyole etidyan e ki fè pwèv enkonpetans ak visyon goche ki pa ka reponn ak egzijans de baz strikti edikasyonèl yo san bliye pwofesè ki pa janm touche   depi plizyè lane.

Leave A Reply