Me. Paul Eronce enpoze karaktè li nan plas pouvwa

Pòtopwens___(TRiboLAND) Me. Paul Eronce Villard, yon gwo manm enpòtan nan gouvènman Jovenel Moise ekspwime yon sèten desans ak karaktè, lèl deside bay demisyon li nan moman kote ke peyi-a pwèske pa manke anyen pou konnen yon eklatman sosyal san parèy.
Ansyen konmisè gouvènman Pòtopwens la ki bay demisyon li atravè Minis Tutèl annatandan, Me. Jean Roudy Aly Jedi 26 Septanm 2019 la, pa kache mekontantman li fas a manèv gouvènman an sou rapouswiv legal dosye deblosaj kòboy Senatè Jean Marie Ralp Féthière lòske li te tire sou yon gwoup moun devan Palman peyi-a ayè Lendi-a; pami viktim yo, ou jwenn yon jounalis, Dieu-Nalio Chery ki te pwan yon bal nan machwè.
Me. Paul Eronce Villard, ki ta sanble touswit apwè lèt koupe fache-a, jwenn yon pwomosyon bò kote gouvènman an pou devni Substitu Komisè gouvènman anba zèsèl Kou Dapèl Pòtopwens, deklare ke li pa jamè ofisyèlman okouran de yon parèy nominasyon ke li ta sanble definivman pa enterese.
Konsa, anpil moun estime se yon desizyon ki pa fasil pou moun jwenn sèjousi; li montre tou ke se pa tout kad ki pare pou naje nan enpidisite nan kad vann tèt yo ak karaktè yo nan peyi-a onon pouvwa avèk la mizè.






