Pòdepè: Grèv melanje ak Manif pou di non ak Prezidan Jovenel Moïse, non ak rate gaz la

155
0
Share:
TRiboLAND

Vil Pòdepè pa leve ak vrè vizaj li, jounen maten Lendi 16 Sept 2019 sa.  Depi bò 6h AM, soti sou wout Avni Twarivyè pou rive zònn Lakoup, yon katye rezidansyèl nan Pòdepè kawoutchou tap boule tribò e abò san konte barikad ki moute 17 wotè preske nan chak kwen vil la, patikilyèman sou Avni Twa Rivyè avèk Site Makso ki te reyèlman sou benzeng yo.

Nan mitan sityasyon makawon sa, majorite timoun lekòl te oblije retounen lakay yo akoz van panik ki tap degaje pwèske sou tout vil la. Menm jan ak ratman gaz, chofè taksi motosiklet yo te tounen gaz ra; menm jan ak ratman enèji ki okazyone gaz yon galon gazolin kap vann atè soti $250 pou rive 300$ anba boul figi otorite nou yo ki mete plon nan zòrèy yo fas a rèl popilasyon Nòdwès ki te deja an agoni.

Sitiyasyon an pral plis konplike apati 10h ak manif sektè opozisyon an Pòdpè ki te pwan lari tou kote ke yo tap kalifye Pwezidan Jovenel Moise enkonpetan e mande-l tou pou li kraze yon kite sa pou enkapab, dapwè Mesye Paul Élie Faustin, youn nan manm òganizatè manif la ki te reyini divès moun nan site Kapwa Lamò a. Nan Mònn Opè, yon katye nan Lòt bò Pon te gen gwo van panik nan entèval 1hr pm. Anpil kawoutchou tap bwile alòske plisyè temwen fè eta de wòch ki tap voye ki te oblije otorite yo tire yon rafal kout zam pou ran sitiyasyon an poze.


Saint Jean Wiskis, TRiboLAND

Share:

Leave a reply