Bahamas anpeche 2 Ayisyen repwezantan Ame du Salu antre lakay li pou kowòdinasyon asistans pou viktim ouwagan Dorian yo

282
0
Share:

Bahamas__(TriboLAND) Yon Majò Ame du Salu, Vilo Exhantus ki pandan plizyè ane ap kòdone asistans pou dezas natirèl zònn Karaib la jwenn entèdiksyon bò kote otorite Bahamas yo pou li pa antre al pote sekou tankou li toujou fè li nan tout Karaib la.

Majò Ame du Salu, Vilo Exhantus

Majò Exhantus ki te nan tèt yon ekip kite soti nan Montigobe, Sent Jak nan Jamaik te rantre nan Florid Madi swa nan objektif pou li te antre Bahamas nan Mèkredi yon fason pou li te kowòdone distribisyon materyèl pwimè bay sinistre siklònn Dorian yo, te sezi wè ke yo te anpeche li menm ak yon Kaptènn Ayisyen, Kenel Jean anbake nan avyon pwive-a ki te nan Airport Fort-Piece, toupwè West Palm Beach, Florid; alòske lòt manm nan ekip la ki se yon Ameriken, yon Kanadyen, yon Jamaiken ak yon Anglè te jwenn pèmisyon pou anbake nan avyon an.

Majò Exhantus ki fèt an Ayiti men ki gen plizyè ane ap viv nan Jamaik kòm chèf Kowòdinasyon pou asistans èd nan ka dezas nan Karaib la pou Ame du Salu, estime se yon diskriminasyon, alòske tout papye li te deja soumèt e revise bò kote responsab imigrasyon bahamas yo ki te deja bayo fevè. “Yo te di nou ke nou pa Ameriken, Kanadyen, ni Anglè, nou bezwen viza”, dapwè Majò Exhantus ki tap esplike.

A kote sa, nap raple ke Jamaik, Haiti e Bahamas yo se eta manm Kominote Karibeyen an (CARICOM). Tou sitwayen peyi sa yo ki manm CARICOM gen pwivilèj deplasman tanporè nan peyi sa yo san restriksyon. Plizyè obsèvatè estime se yon ak diskriminatwa!

Share:

Leave a reply