“Artists for Peace and Justice” ansanm ak “Labatt Breweries of Canada” reyini plis pase $1.1 milyon dola pou edikasyon an Ayiti

0 242

Nan 11èm Gala Festival li nan Kanada, òganizasyon Artist for Peace and Justice (APJ) arive reyini plis pase $1.1 milyon dola pou supòte edikasyon an Ayiti. Aktivite yo ki te pwezante par Labatt Brweries of Canada, te fèt ane sa nan Windsor Arms Hotel nan Toronto e yo te egzekite pa Natasha Koifman ak Suzanne Boyd.

Artists for Peace and Justice (APJ) se yon òganizasyon san pwofi ki ankouraje lapè ak jistis sosyal e adrese tout lòt sijè povwete atravè lemon. Objektif ijan APJ se ede onivo edikasyon, sante, ak dinyite sitou atravè lart. Òganizasyon an pwan angajman pou sipòte pèp ayisyen pou yon bon bout tan kanpe djanm sou wout devlopman nan yon patenarya dirèk. APJ kwè nan dinamize kominote lokal yo, pwomote kwasans ekonmik, ak dinamize edikasyon se sa ki kapab reyèlman chanje yon nasyon. Si ou bezwen konnen plis, vizite www.apjnow.org oubyen swiv @artistsforpeace sou Instagram ak Twitter.

Nan sa ki gen pou wè avèk Labatt Breweries of Canada, se youn nan konpayi ki kenbe leadership bwasri-a nan Kanada. Li te etabli nan Ontario nan lane 1847 avèk John Kinder Labatt ki te London. Jodi-a, konpayi sila genyen plis pase 3,800 anplwayè, 6 bwasri, yon pòtfolyo ki reyini 60 kalite byè san konte yon pakèt lòt bwason. Labatt Breweries of Canada pwan gwo angajman pouf è tout moun fè yon sèl pou yon pi bèl monn, kreye enpak pozitiv atravè divès pwogram kap ranfòse kominote yo, ak pwomote kontwòl bwè ak pwoteksyon anviwònmantal.

Sous: Artists for Peace and Justice (APJ)

Leave A Reply