Yon solda “sou” anba tafya arive touye 12 moun nan peyi Kongo

242

RDC ___TRiboLAND Yon sòlda “sou” kongolè ouvè zàm sou yon pakèt pasan, touye omwen 12 moun pami yo yon ti fiyèt 2 lane nan lanwit jedi pou rive maten an jodi vandredi 31 jwiyè 2020 an nan zòn Sud-Kivu nan lès Repiblik Demokratik Kongo.

Selon kèk sous, otè fiziyad la se yon militè FARDC (Forces Armées de la RDC) ki fè pati 122 batayon an ki baze nan Sange, daprè chèf site Sange la nan katye Rutanga, Ndaburwa Rukalisa.

Sepandan, daprè pòt pawòl lame a nan rejyon Uvira, Kapitènn Dieudonné Kasereka, sòlda a te pran kouri avèk zam li aprè krim nan; bilan reyèlman lou. Militè tafyatè a arive tire sou yon ventènn moun. 13 nan yo ta mouri e 9 lòt blese gravman grav.

Tout sa vinn leve plim sou do popilasyon an ki ankòlè kont lame. Yon wout nasyonal ki travèse rejyon an bloke depi maten an avèk gro tron bwa ak kawoutchou kap bwile. Protestatè nan popilasyon an vlope tout moun ki mouri yo nan dra e etale yo tout sou wout la yon fason pou anpeche tout sikilasyon machen.

Comments are closed.