LIMYÈ SOU WOUT YO SE LAVI: CHOFÈ MOTO AK MACHIN DWE PRAN RESPONSABLITE YO

93
0
Share:
TRiboLAND

09/23/2026

Ayiti, _____(TRiboLAND) Pwoblèm chofè moto k ap sikile lannwit san limyè ansanm ak chofè machin, kamyon ak lòt veyikil k ap deplase ak yon sèl grann limyè reprezante gwo danje sou wout yo. Sitiyasyon sa yo diminye vizibilite, twonpe chofè ki anfas yo epi ogmante risk kolizyon, sitou nan zòn ki pa gen bon ekleraj. Yon veyikil san limyè pa sèlman mete chofè li an danje, men li ekspoze lòt moun k ap itilize menm wout la tou.

Chak swa, divès chofè santi yo konfòtab pou sikile san oken limyè, sitou ak lese grennen ki genyen nan sa ki gen pou wè ak sèvis sikilasyon an, ki montre yo plis la pou chèche lajan san egzije bon jan kondwit bò kote kondiktè yo. Plizyè chofè kap vini anfas sitiyasyon sa, toujou deklare difikilte yo konn genyen pou lè yo nan yon parèy sitiyasyon. Yon ti neglijans konsa kapab lakòz gwo aksidan, blesi grav oswa menm lanmò.

Plizyè sitwayen mande pou chofè veyikil yo pran responsabilite yo! Anvan yo pran lari lannwit, verifye limyè devan ak dèyè veyikil yo, sistèm frenaj la ak tout lòt ekipman ki nesesè pou sekirite. Yon chofè k ap kondwi san limyè ap pran yon gwo risk; yon chofè k ap sikile ak yon sèl limyè ki pa fonksyone ap mete lòt moun nan yon sitiyasyon danjere. Lavi moun pa jwèt. Sou wout la, vizibilite se yon kesyon sekirite, e chak chofè gen responsabilite pou pwoteje tèt li ansanm ak lòt moun.

Share:

Leave a reply