Madagaska: Pap Francois rele anmwe kont aktivite koupe pyebwa

0 227

Apwè ke li finn pase 48 èdtan nan peyi Mozanbik, Pap Francois nan premye diskou li devan otorite politik, sivil ak relijyez peyi Madagaska ankouraje peyi yo pou yo lute kont “kòripsyon avèk spekilasyon kap ogmante anpil disparite sosyàl”.

“Fòk nou asèpte afwonte yon seri gwo sitiyasyon pwekè ak ekskluzyon kap ranfòse povwete imènn”, dapwè Francois. Pap la ki se yon moun ki sansib pou pwezèvasyon planet la, montre jodi Samedi-a ke li pweokipe seryezman sou aktivite deforestasyon galopant kap fèt opwofi de yon seri lòt antite sou lil malgach la.

Ekspòtasyon illegal yon seri pyebwa pwesye, dife nan forè yo, aktivite koupe pyebwa, ak anpil lòt, dapwè Pap Francois ki deklare ke tout deriv sa yo mete andanje lavni peyi a.

Madagaska, ki se senkyèm lil ki pi gwo nan lemon (587.000 km2) ak 25 milyon moun, sou chak dis moun, nèf moun ap viv avèk 2 dola pa jou sèlman. Anplis, se nan aktivite koupe pyebwa moun sa yo pafwa arive suviv, selon obsèvasyon souveren pontif la ki kwè ke mèyè solusyon an, se mete sou pye yon pakèt anplwà ak aktivite rantab ki respekte anviwonnman an ki ka ede sitwayen yo soti nan malsite.

Nan sware jodi Samdi-a, Pap Francois gen pou rankontre nan yon veye pwiyè plis pase 12,000 eskout katolik jènn malgach. Konsa, gwo pweparasyon pa sispann fèt pou gwo mès demen Dimanch lan ki espere reyini plis pase 800,000 fidèl patisipan. Kapital la, Antananarivo ki deja ap resevwa yon ekzòd masiv moun ki soti nan tout bout kwen nan peyi-a, deja pozisyone yo anba tant nan plizyè pawàs pa ka tann pou wè Pap la e resevwa benediksyon-l.

Leave A Reply