Enspektè jeneral an chèf PNH la, Fritz St-Fort nan misyon nan depatman sid la pou weekend sa

1,858

02/04/2022

Okay_____(TRiboLAND) Sou lòd Direktè jeneral a.i PNH la Frantz Elbé, enspektè jeneral an chèf polis nasyonal la, Fritz St-Fort, nan misyon nan depatman sid peyi a weekend sa.

Nan kad misyon sa, plizyè rankont deja reyalize ak kèk otorite nan aparèy jistis la, tankou Komisè Gouvènman Okay la, Ronald Richemond, Direktè ayewopò Antoine Simon an, san konte Thevenin Olivier e kèk reprezantan òganizasyon ki nan sosyete sivil la, notámman Valéry Numa, jounalis e òm dafè.

Rankont sa yo vize pou amonize relasyon ant polis la ak tout aktè rejyonal ou lokal yo pou kapab manyen pwoblèm ensekirite a. Konsa tou, patenarya jistis-sosyete sivil ap pèmèt yon ranfosman sou dispozisyon pou tabli lòd piblik epi evite tout derapaj ki ka debouche sou ensidan regretab tankou sèn pou detwi byen piblik ou prive nan peyi a.

Nimewo 2 PNH la, te pwofite anplis pou renouvle angajman yo pandan l fè kwè, polis nasyonal la ap kontinye travay bò kote tout sektè nan vi nasyonal la nan kad misyon yo ki se pwoteje vi ak byen nan respè lalwa.

Comments are closed.