Yon gwoup moun Aubè ki te abite nan menm zònn ak Jovenel Moise manifeste kont li nan Pòdpè

0 516

Pòdpè__(TriboLAND) Yon gwoup moun ki soti Aubè jodi 6 Septanm 2019 la mache 5 kilomèt wout apye pou rive ak yon manifestasyon  kont Pwezidan Jovenel Moise devan Katedral Imakile Konsepsyon nan vil Pòdpè.

Mouvman sa ki te konpoze ak malere malerèz, militant, vwazen, zanmi ak moun ki te konnen tout lanvè landwàt Pwezidan Jovenel Moise nan Aubè kote li tab fè bè li menm avan li te pwezidan. Gwoup moun sa yo ki mache ak yon mach pandan senk kilomèt te chaje ak pankat ki chaje ak revandikasyon e pwomès woule nan farinn chèf deta te fè yo nan plizyè domènn.

Manifestan yo ki tap entèpele konsyan lokatè Palè Nasyonal-la, Jovenel Moise nan fè li sonje se nan Aubè li te konn bwase ak jwe foutbòl alòske tèren li te konn itilize-a jiska pwezan se ak fèy bwa kokoye li bare. Moun kap soufwi yo e ki reyèlman wont de atitid ak enkonpetans ansyen komèsan Aubè-a ki pa janm kenbe pwomès nan anyen.

Leave A Reply