Pòtopwens: Jij Enstriksyon Petit Papa tande nan kabinè li: Ysmick Choute ak Mirlande Georges Casséus

0 365

Pòtopwens__(TRiboLAND) Nan kàd ankèt sou dosye kòripsyon ak toubouyon ak fon piblik sena-a, Jij enstriksyon Jean Osner Petit Papa tande ayè Madi 3 Sèptanm 2019 la : Ysmick Choute ki soti anndan vant biwo Senatè Louis Onondieu ak sekretè jeneral adjwen sena-a ki se Mirlande Georges Casséus.

Antouka, apwè ke antite ki rele biwo afè finansyè ak ekonomik (BAFE) ki anndan vant direksyon santral polis jidisyè (DCPG) nan tèt kole avèk ajan bwigad rechèch ak entèvansyon yo (BRI) te poze lapat sou 4 sitwayen ayisyen nan yon anèks Unibank, 6 Dawou pase, responsab jidisyè yo pa antann mete dosye-a nan poubèl, sitou li enplike yon Senatè repiblik la.

Nap sinyale, sispèk yo pap vle fè oken deklarasyon lòske yo tap kite tribinal la.

Leave A Reply