Group Rasin Lakay selebre Uityèm anivèsè-l nan Pòdpè

1,310

04-22-2023

Pòdpè, Ayiti ____(TRiboLAND) Group Rasin Lakay kap dirije anba lobedyans Bòkò Tony, selebre 8 lane depi yo egziste nan zòn Demelis, Pòdpè. Nan yon koken chen aktivite jodi samdi 22 avril 2023, plizyè dizèn moun reyini depi-l te fè 6è nan lanjelis aswè pou vin asiste gwo aktivite jawèton ak timouton tche koupe, lakay Bòkò Tony.

Gro Anbyans lèsen te mete an lonè group Rasin Lakay, ak divès lòt group vodou ki gen nan vil Pòdpè a, tankou: Ti Jan Dantò, Fanm Vanyan, Lame Sen Michèl, Ladiferans Plis, sou animasyon DJ Timastè. Nan meni aktivite a, tout group sa yo tap pèfòme youn aprè lòt, pandan yo tap danse, trase vèvè ak fè entèpelasyon lèsen.

Selebwasyon Group Rasinn Lakay, nan Demelis nan vil Podpe, 22 avril 2023.

Si nan yon sètèn tan, gen anpil moun ki konn kache idantite yo nan sèvis vodou yo, jounen jodia a, ak aktivite jèn vodou ki fèt prèske chak kwen nan site Kapwa Lamò a, jenn fanm ak jenn gason pa sispann afiche yo nan gro sòlòkòtò vodou. Aktivite rele lwa yo, apkontinye pandan tout nwit lan, pou leve demen dimanch 23 avril la, daprè Bòkò Tony.

“Si tout vodouyizan fè sa prensib vodou a mande, ap sispann gen deriv nan li”, daprè Bòkò Tony nan yon ti antretyen ke li te akòde TRiboLAND. “Yon moun ki kache idantite-l, pap janm alèz”, toujou daprè Bòkò a.
Divès Bòkò ak Manbo te anvayi peristil seremoni yo. Inisye tankou Ati Ervé, Manbo Micheline, pou-n site sa yo sèlman, te vin fete ak Rasin Lakay. Yon siy ki montre menm si ta genyen ti problèm nan vodou a, men tout vodouyizan aprann pou fè yon sèl.



Comments are closed.