Pòdpè: Yon lòt jou, yon lòt son! Ouvèti ofisyèl Radio Marconi FM

0 437

Pòdpè__(TRiboLAND) Jodi premye Sèptann 2019 la se yon lòt Jalon pou Radyo Difizyon nan Nòdwès, ki pa sispann elaji fanmiy Lapwès la. Marconi FM, 91.5 ki te parèt tèt li sou kadran FM nan 30 Jwiyè pase pwosede a ouvèti ofisyèl li jodi-a.

Apwè yon seri efò deploye e pa fwa ridikilize pa negativite, finalman Ychmut Corneille arive dote depatman ki sou kè-l la yon medyòm ki pa reve fè konpetisyon ak lòt radyo ki  te toujou fè sakrifis pou pwan kòz Nòdwès la an men. “Avèk respè e rekonesan, nou mande lòt enstans sa yo ki genyen plis eksperyans ke nou, sipòte nou e pa gade nou kòm yon advèsè alòske espas laj e se Bondye ki mèt li; asèpte nou menm jan popilasyon an te yon fwa asèpte yo tou. Asasinen karaktè moun kap fè efò; tire pwen sou yon lòt ki apènn parèt, se desann depatman nan plis fatra toujou”, deklarasyon PDG Marconi FM ki kontinye ap resevwa yon pakèt notab, lidè relijyez, zanmi ak sitwayen anndan espas Marconi FM nan ki nan Ri Benito Silven nan Pòdpè.

Nou vle di mèsi ak yon pakèt radyo ki te asèpte ban nou konsèy e menm ofwi èd yo nan plizyè domènn. Nou di chapo ba pou sa yo ki pa wè Marconi, men ki wè Nòdwès! Nou di mèsi tou pou sa yo ki fwete ògèy nou ak imilyasyon pandan yo ede nou fè lòt eksplorasyon. Corneille Ychmith. Dayè, Radyo Marconi FM vini ranfòse travay www.triboland.com komanse reyalize nan domèn enfòmasyon an fòmasyon entènot yo. ” Menm jounen jodi a gen anpil moun ki renmen li atik triboland yo, konsa oditè pral anvi tande Radyo Marconi FM e menm bwanche 24 sou 24 sou Tele Marconi atravè https://triboland.com/tribo-tv/

Bezwen ak mizè Nòdwès lage nou tout nan wont nasyonal; konsa, si gen anpil men ak yon travay edikasyon, nap fini pa elimine imilyasyon nasyonal ak konpòtman yigyang ak tout pou mwen kap plonje Nòdwès nan plis labou.

Leave A Reply