Kidnapping yon anplwàye “Petits Frères et Soeurs” et la “Fondation Saint Luc”; plizyè enstitisyon ap fèmen pòt yo

08/25/2021
Kidnapping yon anplwàye “Petits Frères et Soeurs” et la “Fondation Saint Luc”; plizyè enstitisyon ap fèmen pòt yo
Taba_______(TRiboLAND) Nan yon nòt tris ke li mete deyò jodi mèkredi 25 out 2021 an, òganizasyon “Petits Frères et Soeurs” et la “Fondation Saint Luc”,deplore avèk anpil konstènasyon anlèvman ou kidnapping Marie Bénicia Benoit ki fè nan Santo, nan moman li tap soti nan travay.
Konsa, responsab yon denonse yon parèy zak malonnèt e reklame san delè liberasyon san kondisyon yon parèy anplwàye ki genyen 15 lane depi lap travay, e ke bandi ki pa idantifyàb arive kidnape.
Konsa, enstitisyon yo ki reyini tout òganizasyon ki mansyone yo, ap fèmè pòt yo. Lopital Saint Damien, sèvis terapi lekòl Saint Héléne la ki nan Kenskòf ak Centre Germaine pour Handicapés nan Taba e latriye konte fèmen pòt yo.
Sepandan, dapwè nòt la, se sèl ijans yo ke lopital Saint Luc ap resevwà.






